Because I Miss You-J-Beatz

Genre-Konpa
Year-2019
Produced By-J-Beatz
Lyrics By-J-Beatz
[Verse]
Ou bay mwatye nan vi w pou w ede malad geri
Ou sakrifye plezi pou fè lòt moun rejwi
Anpil lonè merit misyon byen akonpli
Bondye te voye w kounya l rele w

[Pre-Hook]
Kè m sere
M konn ap panse dlo ap koule
Kè m sere
Avèk bonte w e kalite w
Kè m sere
Yon anj de Dieu pou mwen w te ye
Kè m sere
Bon pa dire se verite

[Hook]
M pa konn sa wap regle nan syèl la
Bò kot papa Bondye nan syèl la
M swete ti van kap soufle la
Te ka fè koute melodi sa
Si m ta g on chans rewè w fas a fas
Menm si se ta pou yon dènye fwa
Pou mwen ta touche w yon lòt fwa
Pou m di w lavi m pi difisil sans toi

[Verse]
Soufrans sa pap pi di
Men nou konprann lavi
Soti w soti w nan vi nou tout sa k nan mwen febli
Pafwa lè m al dòmi nan rèv mwen wap souri
Bondye mete li retire, amèn

[Pre-Hook]

[Hook]

Because I miss you love you – miss you
Because I miss you love you – love you
Because I miss you love you – miss you
Because I miss you miss you, miss you love you

[Rap]
Depi ou ale a kay la tèt anba
Si w pat banm fòs avèk kouraj menm mwen m te ka nan bar
Sak rete nan memwa m de ou is your smile
Sak soulaje m nan m konnen se pa goodbye
Bondye bay bondye pran m pa ka fè anyen ak sa
Chak jou m leve m kriye priye l matin midi e swa
M konnen on jou kanmenm m ap vin kote w ye a
M ap byen kontan lè w fè m fè konesans ak God la

[Verse]
Si se nan paradi wale fò n kwaze
Li mèt nenpòt kote ou ye, fò n rekwaze
Si se ant papa bondye ou ye, fò n kwaze
Menm si se nan lanfè ou ye, m ap vin chèche w

[Outro]
Mwen dedye mizik sa ak yon moun ki pèdi yon moun trè chè ak li
Li kapab yon madanm, yon kouzen, yon kouzine
Yon fanmi, yon zanmi
Se pa goodbye n ap rekwaze
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016