Telefòn Ki Gen Moun-Disip

Genre-Konpa
Year-2018

[Verse 1]
Nan ton lontan nou te konn wè moun te sousye de moun
Nou te konn wè de zanmi viv tankou fanmi
Kounya sa k fè aktyalite se on kesyon de telefòn
Ki la koz fwaye kraze, zanmi fanmi divize
Lòt jou mwen rankontre on zanmi ki tape kriye
Lè mwen mande l sak pase ki sa k pa mache
Lè sa li tonbe rakonte m soufrans lap andire
Ak mennaj li ki pa ba l tan nan telefòn tout tan

[Horns]

[Verse 2]
M konnen ke telefòn bon pou itilize
Men sèjousi li vin tounen yon obsesyon
Yon jou cheri a deside pou l konnen sa kap pase
Se nan fouye li dekouvri l nan senkyèm pozisyon

[Horns]
Adye wo, oh lord
Ti van w pa wè a se li ki pral deranje w

[Keyboard]
Atansyon, disip

[Guitar]
Ou lala lala lala, konpa

[Keyboard]
Nou se disip

[Choir]
Pouki se telefòn nan moman ou bay tout priyorite n
Pouki n pa eseye pou n wè si na sove fwaye n

[Verse 3]
Kounya sa tèlman vin dejenere Lèzòm bliye si yo ekziste
Moun nan chita bò kote w li pa gen tan pou li okipe w
Telefòn li k okipasyon l Li pa janm ba ou atansyon
Telefòn fè youn bliye lòt Konn arive fè yonn touye lòt

[Choir]

Oh papa bondye pa kite n zonbifye
Telefòn mete nou tèt atè
Moun nan konn di w lap trepase
Olye w ede l ou pito filme l
Telefòn rann nou iresponsab
Li fè n bliye priyorite n
Telefòn okipe lespri n
Li menm fè n neglije fanmi n

Si w bezwen fè tout maladi al checke telefòn moun ou
Ki maladi konsa?
Kriz kadyak, tet fè mal san rete – evre?
Tansyon, kè sote san kanpe – hm hm
La tranblad, dayèt san fòse

[Keyboard]
Les Antilles, Paris, nou se Disip

[Choir]
Koze k nan telefòn sa m pa sa pale
Sa m wè nan telefòn sa mwen pran tranble

[Keyboard]
New York City, Boston kriye
Se telefòn ki gen moun
Pa gen moun ki gen moun

[Choir]

Se telefòn ki gen moun – Miami Montreal rele
Pa gen moun ki gen moun
Se telefòn ki gen moun – bagay sa pa senp non
Pa gen moun ki gen moun

[Horns]
Moun nan kouche bò kote w li ba w do epi telefòn li nan men l
S on ti bwat sekrè

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016