Diferan -Harmonik

Genre-Konpa
Year-2014
Mwen diferan
Mwen konnen mpa bèl gason e yo di mwen sa souvan
Mwen diferan
Mwen konnen mwen pa jennjan e nan je'w mwen pa inpòtan
Mkonnen mpa yon celebrite
Lè map mache fò yo kanpe
Pou fawouche'm a sa'm sanble
E janm mache
Pami tout nèg ki sou la tè mwen se dènie ou tap janm wè
Sa pa detounen kouraj ak volonte mwen

Mwen diferan
Mwen gendwa pa nan gou'w men mwen konnen mwen gen konpetans
Mwen diferan
Tout gason ap fou pou ou e m'sèten key o gen rezon
Mwen pa ka fache ak bondie
Pou'l invante'm yon lòt fason
Pou li chanje yo vie krapo an prince charman
Nan je'w se pa yon zanj mwen ye
Men sa ki andanm se li'k konte
Kite'm montre'w kouraj mwen ak volonte mwen
Si'w te ka banm yon chans
Pou'w dekouvri andan kè mwen oh oh

Pa gad sou aparans mwen
Gade nan kè mwen baby (2x)

Kwè'm Kwè'm Kwè'm mwen diferan cherie mwen diferan
Met men'w sou kè'm wa wè
Gade nan kè'm wa wè
2x

Mwen pa flannè ni mpa konn abiye
Men mgen rekonesans ak la rezon
Mpa ka mennen'w vwayaje tout kote
Men si ou vle ale sou do'm map pote'w
Cherie m'diferan

Let me show you