Habitud-Djakout #1

Genre-Konpa
Year-2017

[Verse 1]
Si mwen pa itil ankò
Jis mete kran epi di m ekspire
Si w pa vle fè yon efò
Mete m alèz pito w ban m verite
Lè sa devan je m, w ap parèt pi gran
Mwen pap peri pou sa
Mwen pap fini pou sa
Sèl bagay ki pral touye m se

[Hook]
Abitid la
Pral touye mwen

[Verse 2]
Si w deja gen lòt pwojè
Mete m chita epi vin rakonte m
E devan tout moun wap parèt onèt
Mwen pap rayi w pou sa
Mwen pap enmi w pou sa
Sèl bagay ki pral touye m se

[Hook]

[Horns]
Mwen pito verite pase ipokrizi
Mwen pito fon sèl soufri

[Keyboard]
Men tèt fè mal la
El senor mwen mele

Abitid se pi gwo danje

Ou fin gate m
Ou vle kite m fè wout la pou kò m
Ou fin dejwe m
Pandan se ou ki te tout sipò m

Ou voye m al viv an solo

[Keyboard]
Abitid se pi gwo danje