Demisyone-Kaï

Genre-Konpa
Year-2017
Lyrics By-Richard Cave
[Intro]
Ay ay
Ay ay

[Verse 1]
Sa fè deja lontan ke n ap travay sou menm pwojè
Chak jou n ap fè deba se on fason pou n ka wè klè
N ap bay lè n ap punche e nou menm fè overtime
Se sa travay la mande fò n pa dekouraje

[Verse]
Tan vin pase sou nou se premye fwa mwen fè erè
M eseye malgre tou m santi w ap pèdi enterè
Pa menm banm preyavi se tankou kontra m fini
Men nou pa sou menm paj se domaj ou gentan bese les bras

Cherie w demisyone
Sanble w demimsyone
Granm matin sa ou gentan soti pou w banm lage a

[Verse 3]
Se tankou m minote cheri fò w di m kote m kanpe
Eske w ap kite m oubyen fòk mwen demisyone
Pa menm banm preyavi se tankou kontra m fini
Men nou pa sou menm paj se domaj ou gentan bese les bras

[Hook]

Woy gadon kai sa son lòt bagay
Nan Kai sa, go tell your mama, don’t need no drama
Thank you
Cheri w demisyone

[Keyboard solo]

Pa gen jwèt nan sa, apa w sezi
Sa tou nèf

Si w pa vle m okipe pòs sa
Fòw gen kouraj pou w di m
Job mwen menase, pa gen sekirite
Si w santi se ou ki bòs la fò w gen kouraj pou w di m
Job mwen menase, pa gen sekirite

Menm si ou banm yon milyon dola
M sèmante mwen pap fè on pa
Pa bay tèt ou manti jòb sa pou lavi
Menm si pou m al nan lanfè pou m goumen ak lisifè
Pa bay tèt ou manti jòb sa pou lavi