Incroyable-Harmonik

Genre-Konpa
Year-2016
Produced By-Nickenson Prud'homme | Sanders Solon
Lyrics By-Mackendy Talon
[Verse 1]
Ou ka wè tout je brake sou ou
Jan tout gason vle goute myèl ou
Menm femèl vle vin fè w la cour
Gen sa ki kanpe au jalou
Ou met tout moun nan on gadavou
Pèsonn pa ka fè demi-tour

[Verse 2]
Chak fwa w ouvè bouch ou pou pale
Ou ka wè jan tout moun ap tande
Aswè a la a se ou ki rèn
Ou merite yon gwo kout amen
Ay ou mete lòt yo nan lapèn

[Bridge]
Ou s on pwoblèm ki pa gen solisyon
Ou s on powèm ki chaje emosyon
A l’instant même se tout moun ki sou tansyon
Ou fè lezòm wè ak zorèy yo
Ou fè lafam tande ak zye yo

[Scatting]

Incroyable sa k ap pase la

[Verse 3]
Pou bote te ka egziste
Yo di m se sou ou yo te kopye
Yon sekrè moun pap ka konprann
Ou s on difè k pa janm fè sann
Ay lè on nèg gade w li pap sispann

[Bridge]
Ou s on pwoblèm ki pa gen solisyon
Ou s on powèm ki chaje emosyon
À l’instant même se tout moun ki sou tansyon
Ou fè lezòm wè ak zorèy yo
Ou fè lafam tande ak zye yo

Incroyable

[Keyboard]
Nicky men l vole avè m wi

Incroyable

Pa gade l nan zye non
Ayiti Biyografi ou incroyable papa

[Verse 4]
Incroyable se sèl mo mwen jwenn pou m ka dekri w
Incomparable, cette vérité est bonne à di w
M ap veye w lontan sa, men mwen te kache sa
M ap viv ak yon espwa, yon jou pou m devwale w sa

[Chorus]
Ou s on fenomèn ke mwen pa ka eksplike
Ou s on eksepsyon nan tout règ ki egziste

[Guitar]
Sandoudou, pou kiyès fanm sa a ye

[Outro]
Fanm sa a pa pou vakabon (rpt)

Gad vakabon k ap tcheke
Carel Pedre
Hey