Si W Vle-J. Perry

Genre-Reggae
Year-2016
Featuring-BélO
Lyrics By-J.Perry, BélO
[Intro]
M pa wè sa k difisil la
Peyi sa pa mande n anpil on ti souri

[Verse 1]
Gen sa ki vle peyi yo avanse pou tout bon
Gen sa ki prefere l konsa pou yo fè lajan
Gen sa ki pa vle al vote yo pa kwè ladan
Yo di se blan ki mete prezidan
Se pa lòt moun ke nou menm ki ka pote chanjman
Si se pa sa nou pap f on pa an avan
E si nou tann nou tann pou nou konte sou dirijan
N ap rete kole la an atandan

[Chorus]
Si w vle e e e e – Ayiti souri ba ou fò w souri ba li

[Verse 2]
Li twò fasil pou n chita ap tann
Yon peyi kap tann nou chanje pou l vanse
Kisa k difisil pou n konprann si n pa met ansanm se nou tout k ap plonje
Chita mande peyi a sa l k ap ba w
W ap jere pouvwa w, w ap fè zafè pa w
Yon peyi ki chaje avni k ap tann nou souri pou l kapab bou nou lavi

[Chorus]

[Verse 3]
Peyi a pa poubèl non non non
pa jete fatra ladann pou l pwòp pou l bèl
Nou ka fè l dous kou siwomyèl pou touris ka vin visite fè foto Citadèl
Se nan linyon ke sa ka chanje, chak ti jès konte
Edikasyon dwe yon priyorite
Nou bezwen plis moun onèt ak bon kè ki pou dirije
Nou bezwen bòn volonte

[Chorus]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016