Peche-Djakout #1

Genre-Konpa
Year-2016
M peche kondane m

[Verse 1]
Ou vle fè m peye ou gen tout rezon
La main dans le sac ou kenbe m tout bon
Fwa sa pa gen eksplikasyon, pa gen kominezon
Kap retire m – nan sa mwen ye

[Verse 2]
Si mwen pran yon risk se pou m gen kouraj
Kouraj aksepte ke m koze domaj
Fwa sa m pa wè a ki fizaj m pa ka ekri on mesaj
Pou etire m – nan sa mwen ye

[Chorus]
Èske gen moun ki pa janm peche
Èske gen moun ki pa janm triche
Si Bondye montre w padone Pou ki ou pa kite sa pase
Èske gen moun ki pa janm peche
Èske gen moun ki pa janm triche
Si Satan montre w kondane Se yon aksyon oud we refize

[Verse 3]
Tout moun lakay ou ap pale de mwen
Menm vazinaj lonje dwèt sou mwen
Fwa sa m pa ka pran pòz fache
Ni pran pòz ti bebe m pou etire m – nan sa mwen ye

[Chorus]

[Choir]
Ou dwe refize tòtire mwen
Le temps ka geri tchè blese

[Verse 4]
Lavi mwen nan plamen w
Mwen swete w pa elimine l
Lavi mwen nan plamen w
Mwen swete w pa andomaje l

[Choir]
Banm tan pou m efase betiz mwen yo
Banm tan pou m repare dega mwen yo

Baby depi w pap tounen vin jwen mari w
M ap pran lari, m ap tire wòch. Tèt kase pa sou kont mwen

Way way
Lanmou mwen ran mwen fou

Fòk ou nan plas mwen pou w konprann mwen

Vale mizè mwen pase pou m gen fanm sa oh
Yo fè m anpil mechanste pou m gen fanm sa oh
Mwen bay tout sa m posede pou m gen fanm sa oh
E lè m damou m pa jwe

Lè m damou m pa jwe – oh non
[Repeat 4x]