Viv-Ada

Genre-Zouk
Year-2016
Produced By-Serge "PowerSurge" Turnier
Lyrics By-Ada Senat
[Verse 1]
Pa gen anyen nan lavi ki fasil
Se travay di chak jou pou w reyisi
Pwoblèm ale, yon lòt vin jwenn ou
Pa lage chay la menm lè li twò lou

[Verse 2]
Yo di chimen paradi se lajan
Se pa sa li ye
Yo fè m konprann jan mwen ye a pa bon
Se pa sa li ye
Yo te mèt ban m lò ak dyaman
Vanite pa fè kè kontan
Sa w bezwen an deja andan w
Konesans se kle wayòm nan

[Pre-hook]
Viv
Ak tandrès, sajès, san jijman
Viv
Nan limyè, move tan, bon moman
Viv
Ak respè, ak lapè, ak linyon
Viv, cause we just wanna live

[Hook]
Avan n ale fò n viv, viv, viv
Fò n viv
Avèk kouraj, fò n viv, viv, viv
Fò n viv
Ak kè kontan, pou n viv, viv, viv
Fò n viv
Met tèt ansanm pou n viv
Cause we just wanna live

[Chorus]
Wooo yo pa renmen l konsa
Wooo fòk nou kenbe l konsa
Wooo yo pa renmen l konsa
Pa vle wè nou konsa
Fò k nou kenbe yo konsa

[Verse 3]
Viv ak tou fòs ou, fè l ak plis lanmou
Malgre sa yo di w, ou se mèt tèt ou
Pa chita gade, an n leve kanpe
An n rele anmwe, pou sa ka chanje

[Pre-hook]
Viv
Ak tandrès, sajès, san jijman
Viv
Nan limyè, move tan, bon moman
Viv
Ak respè, ak lapè, ak linyon
Viv, cause we just wanna live

[Hook]
Avan n ale fò n viv, viv, viv
Fò n viv
Avèk kouraj, fò n viv, viv, viv
Fò n viv
Ak kè kontan, pou n viv, viv, viv
Fò n viv
Met tèt ansanm pou n viv
Cause we just wanna live

[Outro]
Wooo yo pa renmen l konsa
Wooo fò k nou kenbe l konsa
Wooo yo pa renmen n konsa
Pa vle wè nou konsa
Fò k nou kenbe yo konsa

VIV!
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016