Defi-Disip

Genre-Konpa
Year-2016
[Intro]
Yeba
Ha ha ha ha
Nou se Disip
Mmmhmmm
Yaw

[Verse 1]
Zanmi tande se youn, wè se yon lòt
Se sa k fè yo di tande ak wè se de
Si granmèt la pa bay, lèzòm pa ka pran
Fò k ou kwè nan la prière, fòs la se la lumière

[Chorus]
Poze piti poze (E sa m di w wi)
Gad on defi manman
Poze tonton poze(Ok)
Gad on defi manman

[Verse 2]
Wè sa m fè, tande sa m fè
Ou ka twouve l fasil fè sa m fè
Se la pyèj la ye
Nou se pitit zantray, pa jan m pèdi batay
Men kwa manman w, men kwa papa w
Si w kapab vin pile l

[Bridge]
S on ti defi n lage
Nou pa vin isi pou n fè lage
Men kwa manman w, men kwa papa w
Men si w se gason wa vin pile l

[Horns]
Nou pap bay presyon non, pran san w
Ti Joel TJ
Clef

[Keyboard]
Men konpa pou vann, ti mesye vin achte
An gwo, an detay, jan w vle a
Fanfan Senatus

[Chorus]
Disip nan wèl yo, konpa nan tout kò yo
Disip nan wèl yo, konpa nan tout janm yo

[Keyboard solo]
Las pik, men emergency a

Pandan y ap fè donk fè post up, nou menm n ap make 3-pwen
Ou ka fè sa ou menm? (4x)
Se kanpe wa kanpe gade sa m fè
Ou pa kapab

[Chorus]
Ayiti di pa gen prese non
Miami di l fè l san fòse la
Montréal di pa gen kouri non
(Fanatik Disip, defi pi rèd)
(Nou tounen ankò wi)
New York City, Paris di Disip la s on defi

Pandan y ap fè donk, fè chèlbe, nou menm n ap make 3-pwen
Ou ka fè sa ou menm? (4x)

[Chorus]
Ayiti di pa gen prese non
Miami di l fè l san fòse la
Montréal di pa gen kouri non
(Fanatik Disip, defi pi rèd)
(Nou tounen ankò wi)
New York City, Paris di Disip la s on defi

Makiki graje yo

[Hook]
Graj nan dada vakabon
Graj n ap ba yo nan tchouwa yo

Si l pa ka fè sa, sa pou n ba li? Graj
Ay, li pa ka pèfòmè, sa l merite? Graj nan dada l
Li pa konn danse, men kisa l vo? Graj
Si l pa konn anime – Graj nan tchouwa l

[Guitar groove]
Mezanmi men graj la wi
Sere koulo w
Black Kritik

[Hook]
Graj nan dada vakabon
Graj n ap ba yo nan tchouwa yo

[Outro]
Ay dènye zèl kat la fò w toujou jwe l avan
Se avè l pou konstwi eskalye pou monte
Lèzòm pa fè w kado, talan w ka ba w bravo
Konpetans ou k ap mennen w wo, li wo
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016