Anmwe Sekou-Klass

Genre-Konpa
Year-2016
Produced By-Jean H Richard (Ritchie)
Lyrics By-Jean H Richard (Ritchie)
[Intro]
Klass fò m pale mezanmi
Yepa
[Verse 1]
Tèlman m obsede ak pwobèm peyi mwen
Mwen pa kapab fèmen je mwen
Soulye a gendwa pa vle di nou, men l konn lè on chosèt gen twou
Nou konfonn neglijans ak aksidan
Nou tankou on pakèt ti bèt kouran
Maladi peyi m pa ka pi grav, paske pi mal se kadav
[Hook]
Anmwe anmwe wo, pou enterè pwòp frè n ap detwi nou
Bondye, Bondye wo, papa ou se sèl doktè ki ka geri nou
[Verse 2]
Pouki n ap fòse fè pèp la di viv kounya
Lè n konnen l pral di aba pita
Li fè m mal lè n kouri pou lapli se nan lanmè nou blayi
Pa bezwen konn kiyes ki prezidan depi yo vote l legalman
Mwen bouke wè mayòk kap rache, pou yon pi mal ranplase
[Hook]
Pipo kòman w ye – N ap gade san pran sa kap pran san gade
Adje frè – se vre wi Ritchie
Pwovèb la pale – Ayisyen tande
Nou gen posiblite chanje
se bòn volonte nou manke – kot ti sa n pa ka fè la
[Verse 3]
adje, si w konnen l pa bon pou zwa, pa di li bon pou kana
si n ap rele chen papa pou zo, di li te kraze wo
kay ap bati nan ravin tankou pye bwa k san rasin
si yon lòt seyis pase, dega yo pral repete
paske nou pa janm pare
[Hook 2]
pran sans nou,
anmwe sekou, n ap pèdi eskanp figi nou
[Verse 4]
Nou bezwen yon lòt Toussaint, yon Dessalin t ap fè n byen woy
Devan radiyès Dominiken, yo ta ede n goumen
Tout sa k fè nou parèt gran, se nan listwa nou yo ye
Nou bezwen lidè vanyan ki pap preche n reziye n
Ki gen kouraj ak dinyite
[Hook 2]
pran sans nou,
anmwe sekou, n ap pèdi eskanp figi nou
(Si maladi n pi grav nou pral kadav)
[Horns]
K L A S S , klass
Manman (3x)
[Keyboard]
JP fè travay ou
Rapidite - sa li ye
Se nan Klass la tout pawòl pale
Wi se nan Klass la tout pawòl pale
[Hook 2]
[Horns]
Si n pa parèt ansanm nou pral disparèt ansanm wi mezanmi, hehey
Al medite sou sa
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016