Tanpri Souple -T-Vice

Genre-Konpa
Year-2010
Ouhh ouh
Baby girl you got me saying oh oh oh oh

Ou pase bò kote mwen Pou jan w manke pile mwen
Zanmi m yo fè m wè se saw te vle cheri
Mwen tap gade ou de lwen konsa je ou tonbe nan je mwen
M ap mande si m ap reve ak de je m louvri
Oh m santi m entimide, souf mwen gentan ap koupe yeah yea
Fanm sa gen on jan l souri li fè tout kò m fremi oh ou oh
M ap mande lespri sen tanpri ban mwen lanmen
Mete m sou bon chimen ban mwen kouraj pou m di

[Chorus]
Tanpri souple – eh
Te imploro – eh
Je t’en prie
Mennen m avè w cheri
Tanpri souple – eh
Mi amor
Si ca te dis
Mennen m avè w cheri

[Verse 2]
M pa konn ki pye pou m met devan
Sa mwen santi m pa konn kijan
Pou mwen dekri l avèk de mo
San m pa pase pou yon idio
Kite m fè yon ti kage
O mwen lè sa m a mwen strese
M pa vle bege ni depale
M pa ka kite chans sa pase

[Bridge]
Fanm sa tèlman move mo pa ka eksplike l
Fòm kòl tankou yon biblo
Lè m gade l bouch mwen fè dlo
M anvi konnen si se lajan oubyen bon jan
Dyaman ou santiman ki ka fè mwen bon tout bon

Tanpri banm direksyon

[Keyboard solo]
Haha, nou pran lari a wi la
Nicky and Baby Rey again ankò
Olivier Dupout ki sa ou pa fè ou menm
Si m tap danse ala bagay m ta fè
Oli sing to them man

Baby girl you got me saying oh oh oh oh
Baby girl you got me saying
I see us making love all night and day
Baby girl you got me saying oh oh oh oh
Mezanmi chalè monte m anvi rele

Rele ponpye tèt mwen ap pran dife
Tèlman m ap panse mwen di
Fanm sa anraje
Rele ponpye tèt mwen ap pran dife eh
M pa konn sa pou m di kijan pou m reyaji so

[Keyboard solo]
Oh mezanmi, tèt mwen fin pati

Tèt mwen cho li cho li cho

Mezanmi ede m rele

[Guitar solo]
Cheri Mennen m ale