La Vie En Exile-D-Zine

Genre-Konpa
Year-1998
Produced By-Arly Lariviere
La vi a pa fasil o, pou frè nou yo ki lot bo dlo
La vi a konplike wooo, pou frè nou yo ki a l'etranje

Moun ki an Ayiti yo banou ti non dyaspora
Yo wè figi'n byen fre, yo panse nap byen mennen
Yo pa imajine sa nap pase

Mizè peyi isit o pi rèd pase mizè lakay
Grangou peyi isit o, pi rèd pase grangou lakay

Lotbò pa gen drapo, pa gen lonè, pa gen respè
Pas de fraternite, de zanmi, e menm fanmi
Kibèn ede Kibèn, Ayisyen kraze Ayisyen

Ayisyen diaspora yo, yo finn panse yo Ameriken
Ayisyen bo isit yo, pi rèd pase repibliken


Moun NY, moun Montreal, sa se mizè nou

Sa se mizè moun nan New York yo
Nèj ap tonbe “below zero” fò y'al pran tren pou y'al travay
Sa se mizè moun nan Boston yo
Yo gen lontan yap travay du, yo pa janm ka reyalize
Sa se plenyen moun Miami yo
Yo pran kantè vinn bò isit, pa gen papye pou yo travay
Sa se mizè moun “aux Antilles” yo
Pitit mouri an Ayiti, pa gen lajan pou antèman

Ayiti, kouman nou ye?
Potoprens, nap vini.
D-Zine!
Nap boule...Gras a Dye!

Sa fè nou mal o, lè n wè mizè frè n yo
Sa fè nou mal o
Blan imilye nou, yo di nou nwa, nou lèd
Sa fè nou mal o, lè n wè mizè frè n yo
Sa fè nou mal o
Nan faktori yo, nan chan tomat
Sa fè nou mal o, lè n wè mizè fre n yo
Sa fè nou mal o
An n kite l mache!

E, o!
Hahahahah! Chale! Chale! Ein-hein! OOOOO!
Larivyè desann

Sa fè nou mal o, lè n wè mizè frè n yo
Sa fè nou mal o
Moun ki an Ayiti, konprann lavi nou fasil
Sa fè nou mal o, lè n wè mizè frè n yo
Sa fè nou mal o
5 è du matin, pral pran Subway
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016