Kalewès (Kanaval 2001)-Chandel

Genre-Kanaval
Year-2001
Lè m rete m santi m ta kriye – kriye kriye w
M santi m ta rele – rele rele w

Ayisyen si w renmen peyi w – bay peyi a on chans o
Mezanmi, peyi nou li ye – bay peyi a on chans o
Ti Ayiti peyi nou li ye – si pou l sove ,se nou k pou sove l
An n kenbe men ansanm o – si pou l sove, se nou k pou sove l

[Guitar]

Anpil chèf sou latè, sitou nan peyi tyè mond y ap mande prete
Tande pawòl la pale
Ethiopie, Somali, menm Ayiti dwe FMI
Kòman nou fè ap soufri
Dèt pa n yo pa janm rantre nan gwo projè ki ka trete ti Ayiti
Ayiti toujou malad o
Ayiti wo, ala on peyi piyay papa
Pòtoprens ki malad o
Pòtoprens o, s on kapital piyay papa
Se sa papa

FMI, FMI kondisyon dèt yo pa bon pou mwen
Pale m la verite
Mezanmi si kondisyon Banque Mondiale yo pa bon pou mwen
Pale m la verite
Sou chak 100 Ayisyen, se yon grenn ki konn li
Pale m la verite
Dèt pou m peye, dèt an US, se yon grenn k ap travay
Pale m la verite
FAO, grangou nan vant pa dous o

[Guitar]

Travay, chita mande prete ou pap travay
Endependans mwen m deja peye l
Travay, chita mande prete ou pap travay
Travay si s on lajan n prete, fè l travay
Nèg yo fè dèt pou n peye toujou
Travay si s on lajan n prete, fè l travay

Yo chita la y ap kalewès, dèt peyi a an US
Depi peyi a an US, goud la à la baisse
Depi w tande goud à la baisse, peyi a nan mizè
Depi peyi a nan mizè vye frè mwen, koripsyon mande anranje deyò a
Korispyon mande anranje deyò a
Prostitisyon mande anranje deyò a
Prostitisyon mande anranje
Maladi SIDA fin anvayi peyi a

Woy, Ayiti peyi nou li ye
Si pou l sove, se nou k pou sove l
Mezanmi se tè nou li ye
Si pou l sove, se nou k pou sove l
An n met tèt ansanm o, bay peyi a on chans o
Gad jan on pèp pa gen chans o, bay peyi a on chans o

Pa lage peyi w nan men etranje – yo pa renmen w vre
Pa janm konte sou byen etranje – sa yo pa zanmi n vre
Pa lage peyi w nan men etranje – yo pa renmen w vre
Pa janm konte sou byen etranje

Manje manje m ban m bon jan (Y ap fèl vre)
Nap kraze peyi, nap ban m bèl dan (Y ap fout fè l vre)
Manje manje m ban m bon jan
Y ap kraze peyi, y ap ban m bèl dan

Se priye pou n priye, men lan men pou n lite
Si nou vle libere
Se priye pou n priye, zepòl a zepòl pou n kole
Si nou vle libere

Yo chita la y ap kalewès

[Keyboard

Yo chita la y ap kalewès, peyi a an US
Sa k ap travay se pou 2 gouden, y ap depanse US

Manje manje m ban m bon jan (Y ap fèl vre)
N ap kraze peyi, n ap ban m bèl dan (Moun sa yo ap fè l vre)
Manje manje m ban m bon jan
Y ap kraze peyi, y ap ban m bèl dan

Yo chita la y ap kalewès, peyi a an US
Sa k ap travay se pou 2 gouden, y ap depanse US

Pou m abiye, US
Pou m ka manje, US
25 goud pou on dola US
Sa a sa ye? US
Vire tounen, US
W a di m sa sa ye, US

Yo chita la y ap kalewès, peyi a an US
Sa k ap travay se pou 2 gouden, y ap depanse US

Medikaman, US
Fè mwa lopital, US
Lwaye kay la, US
Yon ti moso tè, US
Kwabosal, US
Manje timoun yo, US
O, US
Anmwey, US
US…