Tonton Nwel-Supa Denot

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-1993
[Supa Denot]
Ho o o o o, Supa Denot pwal chante nwèl
Pou tout moun ni k'ap byen viv, ni k'ap mal viv


[Refrain]
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl, demele ou pote bon nouvèl
Menm si se yon vye koktèl
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl, degage ou pote bon nouvèl


[Supa Denot]
Se fèt tout kote fè bèl, nan limye fè lakansyèl
Menm tout ti fanm yo ta vle sanble Abdenwèl
Nwèl se epòk tout moun toujou sou refleksyon
Pa gen rankin, fò pèsòn pa nan dezinyon
Si w' gen entansyon fè yon vye aksyon
Mete-w cool, aji ak prekosyon
Si w' gen entansyon fè yon vye aksyon
Mete-w cool, pou w' pa pase yon move nwèl


[Refrain]
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl, demele ou pote bon nouvèl
Menm yon boutèy kanèl
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl, degage ou pote bon nouvèl


[Supa Denot]
Sak gen tichoy ap debake nan makèt
Machann pidetwal, peta, vann pa pakèt
Ou pa ka bouje, ou pa dwe fè pickpocket
Apre nwèl yo ka fèmen-w si yo vin fè ankèt
Si w'ap bwote chay fò w' pa bliye met twòkèt
Pou w' pa di kèt si ou nan move jwèt
Si w'ap bwote chay fò w' pa bliye met twòkèt
Pou w' pa di kèt si ou nan move jwèt


[Refrain]
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl, demele ou pote bon nouvèl
Menm si son boutèy diven
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl, degage ou pote bon nouvèl


[Supa Denot]
Vennkat desanm, minwi, pi fò moun al lamès
Sa k'al la priyè e yo fè lòt parèy yo bèl pwomès
Aprè legliz nan reveyon yo fete san tristès
Se hip hop, tout timoun, menm si w' se granmoun
Pran yon ti choukoun, si ou gen machin pou w'fè kapvroum
Lè sa pa gen ..... menm si w' pa travay pou w' pa panike
Menm si w' tap kouche sou yon nat menm si sa pata bon lakay

[Refrain]
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl, demele ou pote bon nouvèl
Menm si se yon vye koktèl
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl, degage ou pote bon nouvèl


[Supa Denot]
Nan tout lari radyo ap voye mizik monte
Tout zòn kwaze, y'ap simaye lagete
Timou ak gwo .... tout machann pate
Loraj peta vide, lè timoun ap eklate
24, 25 desanm se yon coutume mondiale
Granmoun, timoun kontan se bèl fanal
Ke w'pòv, ke w'rich, Tonton Nwèl trè spesyal
Tonton Nwèl ekziste pou tout moun an jeneral