Jou A Rive-Boukan Ginen

Genre-Rasin
Year-1995
Lyrics By-Eddy Francois
[Vers]
Jou a rive pou n fè youn
Se pa nou ki vle sa men se Papa a ki vle l
Nou pa dwe tounen dèyè
Nou dwe mache nan limyè oh oh ou oh
Si n vle rive bò kote l
Jou a rive pou n ka viv ansanm
Jou pou lavi ka on lòt koulè
Pou n respire on lòt lè
Pa chita ap kalkile la mizè
Se ap tolere plis doulè jouk ou mouri
Oh ou oh pou anyen
Lè m gade byen jan frè m yo ap soufri oh oh
Mache nan on sèl chimen kote youn renmen lòt
Se pou sa n travay lite tou lè jou pou n viv pi byen
Ak frè n yo, ak sè n yo, tout moun yo oh oh oh

[Vers]
Jou a rive pou n fè tout sa ki bon
Jou pou lòt je ka gade wè n byen
Ki kote n vle ale
Pa chita ap kritike vye pwochen w
Li lè pou w ka chanje kè w
Jouk ou antre nan chimen kote youn renmen lòt
tout bon vre (4x)

[Outro]