Ban Mwen Lanmou-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2004
Lyrics By-Alan Cavé
[Verse 1]
Cheri mwen sèmante
Pou mwen renmen ou pou letènite
Mwen jire pou m damou ou
Toulèjou pake se ou m vle

[Verse 2]
Cheri mwen an verite
Jou aprè jou m wè se avèw poum ye
Mwen jire pou m damou ou
Toulèjou pake se ou mwen vle

[Bridge]
Lanmou m pou ou telman fò
Cheri mwen pa p janm fè ou tò
Doulè kè ou se doule kè mwen tou
Menm Lè nou fin ale se pou moun di se vre
Lanmou nou se pi bèl lanmou k te ekziste

[Chorus]
Banmwen lanmou w doudou
Banwen lanmou
Konnen se ou mwen damou pou toujou

Menm si mwen pa zwazo
Lè ou la m gen zèl nan do
M santi m anvi vole
Jouk na syèl nou rive
Fanm mwen fanm karamèl
Pou mwen se ou k pi bèl
Chalè ou natirèl
Cheri ou dous dous kou myèl

[Chorus]
Banmwen lanmou w doudou
Banwen lanmou
Konnen se ou mwen damou pou toujou

Kon ‘w peyi san solèy
Lè ou pa la m nan fè nwa
M santi mwen tèt anba
Se kè mwen ki andèy
Avè ou cheri m nan syèl
Karès ou dousi kè m
Tankou nan on bèl powèm
Lanmou nou etènèl

[Chorus]
Banmwen lanmou w doudou
Banwen lanmou
Konnen se ou mwen damou pou toujou

Ou ki sèl gout dlo nan sous mwen
Ou ki sèl pwason lanmè mwen
Ou ki sèl zetwal nan syèl mwen
Ou ki sèl solèy planèt mwen
Ou ki sèl fanm nan vi mwen
Ou ki sèl fanm nan kè mwen
Ou ki sèl fanm pou mwen
Se ou cheri mwen renmen

[Chorus]
Banmwen lanmou w doudou
Banwen lanmou
Konnen se ou mwen damou pou toujou
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016