Jistis-Djakout Mizik

Genre-Konpa
Year-2006
Sam fe map peye

Inosan pap peye pou koupab
M'tande nouvèl gaye nan peyi mwen
Yo akize'm kareman mwen pa wè rezon
Move nouvèl gaye nan peyi mwen
Nou menn Djakout n'oblije dementi yo,
Dementi yo

Depi tou piti manman'm toujou di'm
Depi'w fè mal l'ap tounen dèyè'w
Se sa'k fè m'fè respè'm
Mwen pa gen anbisyon
S'ak pa pou mwen, m'pa fouye men m'ladan'l

M'tande nouvèl gaye nan peyi mwen
Yo akize'm kareman mwen pa wè rezon
Move nouvèl gaye nan peyi mwen
Nou menn Djakout n'oblije dementi yo,
Dementi yo

Pou jan'm renmin chill nan peyi mwen
Ou ta vle'm pèdi freedom mwen
Ou pap ka cho fè'm
Zanmi ou pap ka chofe'm

Pou jan'm yo di'm prison pa dous
M'pito viv ak sa'm genyen
Ou pap ka cho fe'm
Zanmi ou pap ka chofe'm

Se sa'w ta renmen frè
Inosan pap peye pou koupab
Sa proverb la di
Inosan pap peye pou koupab
Deki la kièl de vou

M'pa konnen m'anafè, m'pa konnen m'te vol, men konpa

Si'm koupab mennen m'ale
pou m'al jige nan tribunal la manman oh

Yo te gentan mare Roro
Yo mare Roro
Yo te gentan mare T-Pouch
Yo mare T-Pouch
Nouvel la gaye Mamane anba kòd
Yo mare Mamane
Yo di'm viole timoun

Si'm koupab Menne m'ale
Pou m'al jige nan tribunal la manman oh
Woy men deblozay la
Zbo
Pa fe anyen woy

Fizibwa Izma
Mwen di Akis
Shabba sa'w din an sa

M'oblije jwen yonn fason pou'm jere Djakout la
Fom jwen yon lòt strategi pou gere biznis la
M'oblije jwen yo fasonn pou'm gere komès la
Fo'm jwen yon lòt strategi,
bon glaces fanatik leve de men anlè pou rele

Anmwey
Anmwey, Anmwey, Anmwey,
yo akize Djakout la san rezon
Si'w tande lapolis debake kay Shabba
Sa n'ap di yo
Deplimay
Si'w tande Babylòn debake kay Pouchon
San'ap di yo
Deplimay

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016