More Than Enough-Harmonik

Genre-Konpa
Year-2011
[Verse 1]
Lè ou gade lavi mwen, ou ka di m’gen tout sa m bezwen
San w pa imajine kalamite m genyen
Ou gade mwen nan je ou di mwen
Rega ou fè w konprann pi byen
Detrès ak ensekirite ou genyen

[Verse 2]
Cheri mwen konnen entansite lanmou ou ban m deja
Men defwa l pa dire lè nou pa aksepte viv la réalité
Eksperyans aprann mwen pasyon s’on santiman ki parèt tanzantan
Men se bonne volonté ki ka fè n fè chimen, mennen nou pi lwen
Oh oh…

[Keyboard solo]

Baby don’t worry, you can believe in me
Just want us to be happy
La la la la la la…

[Chorus]
Pa janm panse yon jou ke m’ap chanje kan
Pa janm gen plan pou nou soufri
Vwa pou n ta dezini

[Verse 3]
Si mwen ta di w jan w manke m – Ou patap kwè mwen
Si m ta di w jan w boulvèse m – Ou patap kwè mwen
Ou s’on mesaje, ou s’on mistè m’patap janm ka eksplike
Lanmou sila a pap chanje – Ou mèt kwè mwen
Chak jou l’ap amelyore – Ou mèt kwè mwen
Ou se sa m deside, ou se stabilite m
Se avè w kè m poze

Oh oh oh…
[Keyboard solo]

Cheri…Harmonik lage wi

Oh oh oh oh
Oh oh oh, cha na na na

[Hook]
Want more
More than enough
Give me that crazy stuff

[Outro]
Menm si m pase tout tan m avè w, l’pap janm ase (Non non)
Want more, more than enough
Lè m vwayaje, ou konn fò m ale, ou konn jan m dezole
Want more, more than enough

[Hook + Outro]