Di'm Kisa Pou Mwen Fè-Harmonik

Genre-Konpa
Year-2008
Produced By-Nickenson Prud'homme
Lyrics By-Sanders Solon
[Verse 1]
Vini vini pou m rakonte sa ki sou kè an mwen
Kijan lespri m toumante chak fwa m panse avè w
Mwen pa gen fòs pou m di w jan ou gouvène lespri m
E sou jès mwen ou ka wè ke se a ou m’ap panse
Mwen pa konn kisa pou mwen fè pou mwen avè w
Yon sèl bagay m’ap mande w: sonje m nan rèv ou

[Horns]

[Verse 2]
Men ‘on ti mizik ke mwen ekri pou m fè w plezi
S’on testaman ke lanmou m ban mwen pou m ekri
Pran san w koute l, w’a tande zantray mwen k’ap pale
Si w wè mwen di w sa, m’santi se paske m’pa vle pèdi tan
M’pa konn kisa pou m fè, devan m se ou mwen wè
M’pap janm sispann mande w, m’ajenou nan pye ou
Wo oh oh oh

Se pou sa m’ap mande w…

[Hook]
Di m kisa pou mwen fè pou m genyen w nan vi m
Going out of my mind when I think of you

[Verse 3]
Si w te konn jan m’pran san m pou m aproche w
Chèche tout ti pawòl pou m eksprime m
Menm lè je m avèk je w kontre, ou f’on jan w meprize m
Men mwen menm m’pa nèg ki dekouraje
Sitou lè se flèch lanmou ki pike m
Menm lè l fè mal, m’gen dlo nan je, pou ou m’ap aksepte l
[Hook]

Dwèt Celeste la

[Keyboard solo]

Fòk mwen genyen w (4x)

[Verse 3]
Oh…si w te konn jan m’pran san m pou m aproche w
Chèche tout ti pawòl pou m eksprime m
Menm lè je m avèk je w kwaze, ou f’on jan w meprize m
Men mwen menm m’pa nèg ki dekouraje
Sitou lè se flèch lanmou ki pike m
Menm lè l fè mal, m’gen dlo nan je, pou ou m’ap aksepte l

[Guitar groove]

[Hook]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016